Gwo Bout Tonton Teknik Pou Jwenn Pwodui K’ap Vann Cho

Èske w te janm panse vann pwodwi fizik sou entènèt sèlman pou w bloke nan premye etap la: jwenn yon pwodwi ki pral mete lajan nan pòch ou tout bon vre?
Jwenn pwodwi trè pwofitab pou vann sou entènèt vin pi difisil chak jou sitou pou vandè ki pa gen eksperyans yo.
Se poutèt sa mwen kreye kou sa a ki pral montre ou tout meyè teknik pou jwenn pwodwi ki pral fè kont an bank ou souri. Ou ta ka mande, kiyès mwen ye pou’m oze fè yon deklarasyon konsa?
Non pa’m se James Lissaint, yon antreprenè ayisyen k ap viv China. Mwen kòmanse vann sou entènèt depi 2008 e mwen posede plizyè biznis k’ap vann depase milyon USD chak ane.
M’ap onèt ak ou, gen anpil bagay mwen pa konn fè, tankou… Mwen pa konn fè manje, mwen pa konn chante, m pa konn danse, m pa konn fè desen, m pa konn file fanm 😁… Men kanta koze vann pwodwi fizik sou entènèt la, sa se domèn pa’m.
Antouka, tcheke kourikoulòm kou a pou wè tout sa’m pote nan djakout mwen pou ou, tout sa ou pral aprann k’ap ede ou rezoud pwoblèm jwenn pwodwi sa yon fwa pou tout, pandan konpetisyon an li menm yo stil ap grate tèt yo.
Entwodiksyon Nan Koze Ecommerce
Entwodiksyon Nan Koze Ecommerce
Tout Pi Bon Estrateji Pou Jwenn Bon Pwodwi Pou Vann
Konklizyon
Pase ti egzamen sa pou ka gen aksè ak sètifika ki pwouve ou te swiv kou sila epi ou konprann tout sa ki di yo.
Pozisyone Pwodwi Ou Pou Siksè
Konklizyon
Pase ti egzamen sa pou ka gen aksè ak sètifika ki pwouve ou te swiv kou sila epi ou konprann tout sa ki di yo.