Have a question?
Message sent Close

Shopify WebDesign Academy : Bati sit e-commerce ou ak konfyans

Instructor
Nahaël Mele
14 Students enrolled
5
1 review
  • Description
  • Curriculum
  • FAQ
  • Notice
  • Reviews
Shopify Web Design Academy

Byenveni nan webinar “Ecommerce Web Design ak Shopify”!
Webinar sa a fèt pou debitan ak moun ki avanse tou ki vle aprann kijan pou konstwi yon magazen sou entènèt ki gen siksè ak Shopify.
Nou pral kouvri baz yo nan konsepsyon sit entènèt ecommerce ak kouman yo sèvi ak Shopify pou kreye yon magazen sou entènèt bèl e fonksyonèl.

  • Fòmasyon sa a pral pèmèt ou aprann bazik ak fondamantal “WEB DESIGN” Ou pap vin chita gade’m k’ap kreye sit wèb devan’w, m’ap ba w prensip ak teknik pou’w ka bati nenpòt sit web shopify ke’w vle.
  • W’ap al aprann Fondamantal Web Design ak e-commerce
  • Osito ke’w enskri nan seminè a, w’ap gen aksè ak diferan resous WEB DESIGN si’w ta vle lanse karyè ou nan domèn nan.
  • NAN FEN FÒMASYON AN TOUT ETIDYAN AP SOUMÈT YON PWOJÈ YO BATI POUKONT YO AK SHOPIFY.
    Chak etidyan ap benefisye yon kont gratis shopify pou fè tout pratik ki gen pou fèt yo nan workshop la.
Pou kiyes Kou sa fèt ?
Seminè sa a ap fèt pou tout moun ki ta renmen aprann web design ak Shopify, pou tout aspiran biznisman oubyen antreprenè ki ta renmen itilize shopify san pwoblèm pou kreye nenpot sit ke yo vle pou yo vann pwodui fizik, epi pwodui dijital ak sèvis.
Konbyen tan seminè sa a ap dire ?
Seminè sa ap fèt pandan 2 weekend 4 jou, chak seyans ap dire ant 2 a 3 èd tan.
Èske m'ap ka gade seminè a sou sit la, sim pata gentan pou m patisipe?
Wi, seminè sa a ap rete disponib, epi ap toujou gen update sou li pou w kapab gade li lè w vle
Kisa mwen bezwen pou m kapab suiv seminè a?
W'ap bezwen yon bon koneksyon entènèt, ak yon laptop pou w kapab fè seyans pratik yo
Èske apre seminè sa m'ap ka ofri sèvis shopify web design?
Nan seminè a, w'ap aprann tout sa w dwe konnen pou w design yon sit e-commerce ak shopify, wi w'ap gen kapasite pou w ofri sèvis ou men fok ou remèt pwojè final la epi pou w pase li.

Nan Seminè a, tout etidyan dwe fini li ak yon sit e-commerce tou pare kote se yo ki bati'l, an fonksyon de fòmasyon an, dènye seyans lan, se koreksyon tout sit wèb yo ansanm.

5.0
1 review
Stars 5
1
Stars 4
0
Stars 3
0
Stars 2
0
Stars 1
0
Share