Anpil ti jenn ki ta remen fè biznis, ki ta renmen lanse yo sou nèt la pou fè lajan, men fot de mwayen pou resevwa pèman yo bay vag, yo bloke. Men jounen jodi a gen solisyon.
Mezanmi baryè lib! Pa gen moun k’ap veye… Entènèt la ofri anpil posibilite pou sila k’ap chèche. Pwovèb la gen rezon: Jean chèche, Jean twouve vre.
Tande byen sa m’ap di ou la… Menm lè ou pap viv Etazini, menm lè ou pa gen viza pou ale Etazini, menm lè kote w’ap viv kounye a ou pa gen papye, ni ou pa gen espwa gen papye nonplis, ou ka anrejistre yon biznis USA, epi ouvè yon kont an bank pou tèt pa ou ak pou biznis ou pandan ou chita andedan lakay ou. Sak pi rèd la tout pwofi ou ta fè nan biznis sa ou pap peye yon goud tax sou li nan Etazini. Bon pi devan, si ou sou sa tout bon vre, biznis sa ka menm jwenn lajan prete labank oswa nenpòt lòt enstitisyon ki la pou sa, pou grandi li pi plis toujou paske kòb pa chè Etazini, e menm biznis sa ka fasilite ou jwenn viza pou ale vizite e menm viv USA si ou ta deside fè sa.
Lè ou enroll nan kou sila, n’ap montre ou ki jan pou fè tout sa nou di la yo, paske nou menm depi kèk lane n’ap jwi de opòtinite sa yo.
Rantre nan kou sa jodi a menm, m garanti’w ou pap regrèt paske sa ou pral aprann yo pral sèvi ou pou tè. One love!