Sosyete a kapab kontiye benefisye de konpetans ou menm aprè ou fin mouri. Se yon nouvo avantaj ke Internet ofri nou jodi a ke nou pa dwe pase a kote l.
Si w gade byen mèt Dorval ak anpil lòt moun ale ak konpetans yo. Rita mouri ak resèt bouyon l lan. Anpil lòt moun ap prale san yo pa kontinye egzsite.
Oumenm ou gen chans sa a, nan moman w ap li tèks sa a: Ou gen chwa ant kenbe konpetans ou pou ou, oubyen pran yon 1 mwa, 3 mwa, 6 mwa bati yon kou avè l, pou w mete Online.
Ou kapab vann li, ou kapab mete l gratis e fè peye w pou coaching a distans. Se sa mwen fè nan kou sa a.
Kou a gratis, men si pou m akonpaye w pandan 1 mwa, 2 mwa, 6 mwa, ou dwe peye yon frè. W ap sèlman voye kalandriye travay ou a ban mwen nan soiredelux@hotmail.com epi n ap wè konbyen sa ka koute w.
Pa bliye, m ap kapab fè w jwenn lojisyèl la tou gratis. M ap kapab ede w mete l Online sou lòt platfòm si w pa ta vle mete li sou RetBranche.
Mwen fè sa paske mwen reve ke gen yon espas kote Ayisyen k ap viv a letranje tou kòm Ayisyen k ap viv Ayiti kapab “EMPOWER” jenès nou an kèlkeswa kote yo ye sou latè.
Mwen gen yon objektif akonpaye 1 000 moun pou kreye epi mete kou yo an liy pandan 10 an. Enskri nan kou sa a pou w kapab 1 nan yo. Lage kò w nan pisin nan, gen moun ki pou ede w aprann naje!